Chè lektè,
Byenvini nan S.O.S DEPRESYON, yon espas ki fokis sou koute epi pote sipò, yon espas ki dedye ak depresyon, kap pèmèt nou libere tèt nou de tout soufrans mantal. Isit la, nou kwè nan pouvwa lapawòl , sitou lè mo yo vin twò lou pou sipòte.
S.O.S DEPRESYON vin kreye apati yon eksperyans pèsonèl, nan dezi pou ede yon pwòch ki te tombe nan yon gwo depresyon. Se sak fè nou vin reyalize ke depresyon depase kad tristès, se yon chenn envizib ki antrave lavi epi kap detwi lespwa.
Nan espas pataj sa a, nou vle kreye yon ti kote byenveyan kote tout moun ka libere tèt yo anba chay yo, menm lè yo ret anonim. Nou konprann ke kèk nan nou te ka fè eksperyans vyolans moun patap janm ka imajine, tankou kidnaping, vyòl oswa yon seri fòm vyolans ensipòtab. Nou vle di ou ke ou pa poukont ou. Ou ka jwenn yon zòrèy ki ka koute ak pote sipò epi ki pap jijew isit la.
S.O.S DEPRESYON se yon refij kote ou ka depoze tout chay ki twò lou pou ou. Ou ka pale san rezèv, paske objektif lan se tande ak konprann ou. Nou vle bay yon espas kote temwayaj ki fèw plis soufri yo ka pataje, kote mak envizib yo ka revele, epi kote nou ka kòmanse rekonstwi ansanm.
Angajman nou pa limite ak konsyantizasyon ak koute sèlman. Nou vle ba w kèk resous, enfòmasyon ak zouti pou ede w jwenn limyè nan fènwa. Ansanm nou pral eksplore sijè tankou terapi, teknik swen pwòp tèt ou, apwòch olistik ak resous pwofesyonèl.
S.O.S DEPRESYON se yon kote ki gen detèminasyon ak espwa, kote nou youn sipòte lòt nan vwayaj nou pou gerizon. Nou ankouraje w patisipe aktivman, pataje istwa w, panse w ak konsèy ou yo. Vwa ou gen pouvwa pou chanje lavi epi kraze chenn soufrans yo.
Kit se pwòp batay ou ak depresyon w oswa volonte ou pou bay sipò pou moun ki nan bezwen, nou la pou sipòte ou. Nan vwayaj kolektif sa a nan direksyon pou gerizon, nap ret ini, nap pote solidarite nou epi nap detèmine.
Rejwenn nou sou S.O.S DEPRESYON epi ansanm, jwenn fòs pou simonte advèsite epi rebati lavi nou.
Fòs ak Kouraj,
Ekip S.O.S DEPRESYON
Commentaires
Enregistrer un commentaire